Istwa kreyòl la

Men Kèk gwo dat nan Istwa Edikasyon nan peyi d Ayiti ki kapab sèvi nou pou enfòmasyon ak rechèch

  • Sou Prezidan Petyon, 1807-1818 yot ap eseye fè lekòl an kreyòl. Yo menm di Jeren (Gérin), minis lagè sou Petyon, te ekri yon gramè kreyòl.

  • 1924 : Kèk pwofesè andeyò rekonèt gen yon pwoblèm lang nan lekòl yo. Yo mete kreyòl nan pwòp lekòl pa yo, e yo mande pou pwofesè yo sèvi ak kreyòl nan 4 premye ane yo.

  • 1940: Mak Konèl (Mc Connell), yon pastè Legliz Metodis, parèt ak yon ekriti fonetik. Li mete tèt li ak (Laubach), e yo jwenn otorizasyon Depatman Enstriksyon Piblik pou yo kòmanse yon eksperyans alfabetiza-syon nan Tapyon, bò Tigwav.

  • 1943: Gouvènman Lesko a rekonèt nesesite pou l chita sou ‘Pwoblèm alfabetizasyon’ an.

  • 1944: Premye Kanpay Alfabetizasyon. Yo rele l ‘kanpay dezanal-fabetizasyon’. ‘Comité de Diffusion de l’Enseignement par le Créole’ la mete yon revi deyò: Limyè, fòs, Pwogrè’.

  • 1947: ‘Direction Générale de l’Education des Adultes’ (D.G.E.A) ranplase ‘Comité de Diffusion de l’Enseignement par le Créole’ la. Nouvo biwo sa a kreye plizyè sant alfabetizasyon pou granmoun.

  • 1947: Gouvènman Estime a fè yon lwa pou 2yèm kanpay alfabetizasyon an, men yo rele l ‘kanpay dezanalfabetizasyon’ tou.

  • 1947: Premye eksperyans Edikasyon Granmoun nan Mabyal (Jakmèl) la kòmanse ak konkou UNESCO, li te pral fini nan lane

  • 1954 1949: ‘Bureau de l’Education des Adultes’ ki ranplase ‘Direction Générale de l’Education des Adultes’ kreye premye lekòl pou granmoun.

  • 1ye me 1951: Biwo di Travay parèt ak yon desizyon ki fikse òtograf kreyòl la. Fwa sa a yo te sèvi ak òtograf Chal Fènan Preswa. Yo abitye rele òtograf sa a: ‘Òtograf Preswa-Foblas’, paske Preswa ak Foblas te nan yon menm ekip.

  • 7 septanm 1951: Gouvènman an kreye ‘Office de l’Education des Travailleurs’ sou responsablite Depatman di Travay.

  • 7 septanm 1951: Gouvènman an kreye an menm tan tou ‘Section de l’Education des Adultes’ sou responsabilite Depatman Edikasyon Nasyonal.

  • 17 avril 1952: Depatman Edikasyon Nasyonal kreye premye ‘Commission Interdépartementale de l’Education de base et de l’Education des Adultes’.

  • Septanm 1954: Gouvènman Maglwa a kreye ‘Service Coopératif Haïtiano-Américain d’Education Rurale’ Biwo sa a fè yon pakèt materyèl enpòtan pou alfabetizasyon.

  • 12 out 1957: ‘Conseil Militaire de Gouvernement’ Jeneral Kebwo kreye ‘Office de Développement Communautaire’. Gouvènman Franswa Divalye a lanse yon twazyèm kanpay: yo rele l ‘kanpay alfabetizasyon’.

  • 14 septanm 1961: ONEC lanse katriyèm kanpay alfabetizasyon.Yo mete yon nouvo biwo ki rele ‘Office du Devloppement Communautaire’ pou fè travay aksyon kominotè ak alfabetizasyon mas pèp la.

  • 1964: Atik 35 Konstitisyon 1964 la di kon sa: Franse se lang ofisyèl peyi a. Yo oblije sèvi avè l nan tout biwo Leta. Men sèlman, leta kapab deside ki bò nou kab sèvi ak kreyòl, sitou lè li nesesè pou nou anpeche yo toupizi pèp la.

  • 1967: ONAAC ‘Office National d’Alphabetisation et d’Action Communautaire’ ranplase ONEC.

  • 7 mas 1978: ‘Service de l’Enseignement Rural’ la disparèt. Ki vle di pa gen diferans ankò ant biwo ki okipe lekòl lavil ak biwo ki okipe lekòl andeyò. 18 sektanm 1979: Yon lwa Lachanm rekonèt yo gen dwa sèvi ak kreyòl nan lekòl ann Ayiti.

  • 18 sektanm 1979: Gouvènman Ayisyen an pran yon dekrè lwa sou yon sistèm òtograf kreyòl ofisyèl. Se Gwoup Rechèch sou Kreyòl Ayisyen (CREKA) ansanm ak konkou ONAAC ki te travay sou modèl òtograf sa a.

  • Janvye 1980: Depatman Edikasyon Nasyonal pibliye yon avi nan tout lekòl nan peyi a, kote li deklare, ‘Desizyon 18 septanm 1979 la fè lang kreyòl la vin yon lang ofisyèl nan lekòl’.

  • 7 mas 1986: Monseyè yo anonse yo louvri Misyon Alfa. Kon sa, travay moutre granmoun li ak ekri a kòmanse yon lòt fwa ankò.

  • 29 mas 1987: Pèp Ayisyen an vote yon Konstitisyon e nan atik 5 lan, yo konsakre lang kreyòl la kòm youn nan lang ofisyèl peyi d Ayiti.

  • 20 me 1986: Minis Edikasyon Nasyonal la, M. Dalankou pran desizyon kote li kraze ONAAK epi li kreye ONPEP (Ofis Nasyonal Pou Patisipasyon nan Edikasyon Popilè)

  • Mwa me 1988, Legliz katolik pran desizyon fèmen Misyon Alfa.

  • Out 1988 : Gouvènman militè Anri Nanfi a pran desizyon kraze ONPEP

  • Mas 1991 Yon arete prezidansyèl kreye Biwo Nasyonal Alfabetizasyon (BINA) ki te sispann travay apre koudeta 30 sektanm 1991 lan.

  • 11 novanm 1994: Yon arete prezidansyèl kreye Sekreteri d Eta pou Alfabetizasyon an pou l regle pwoblèm pi fò moun ki pa konn li ak ekri nan peyi a.

  • 7 avril 2014 lwa sou Akademi kreyòl Ayisyen an reyisi pibliye ofisyèlman malgre Sena a te vote l an 2012 e Chanm Depite a an 2013. Piblikasyon l nan Monitè, nimewo 65 nandat 7 avril 2014 sèvi kòm piblikasyon ofisyèl, daprè sa Konstitisyon ayisyen an mande. Yon akademi ayisyen kreye pou fikse lang kreyòl la e pèmèt li devlope syantifikman e kòmsadwa.

 

© 2014, Enstiti Ayisyen Pou Defans Ak Devlopman Lang Kreyòl